Translate

Wednesday, May 13, 2020

REPONS KESYON NOU YO SOU KOWONAVIRIS (COVID-19)

Atansyon!!!
Nenpòt lè repons sa yo ka modifye depi gen lòt fason moun ka pran maladi a, kòman li afekte moun epi apwòch medikal.

KISA KI KOWONAVIRIS?

Se yon gwo fanmi viris ki ka lakòz maladi nan bèt ak moun. Nan moun, yo konnen plizyè kowonaviris ki lakòz enfeksyon respiratwa sòti depi nan grip rive nan maladi ki pi grav tankou Sendwòm Respiratwa Mwayen Oryan (MERS) ak Sendwòm Respiratwa Grav (SARS). Dènyè kowonaviris yo dekouvri lakòz pandemi nan moman rele COVID-19.

KISA KI COVID-19 LA?

COVID-19 se dènyè kowonaviris yo dekouvri ki lakòz pandemi nan moman. Nouvo viris sa premye parèt lè epidemi an te kòmanse nan Wuhan, Lachin, nan mwa desanm 2019. COVID-19 kounye a yon pandemi ki afekte anpil peyi nan mond lan.

KIJAN MOUN KI MALAD YO KA SANTI YO?

Sentòm ki pi komen nan COVID-19 yo se lafyèv, tous sèk, ak fatig. Lòt sentòm ki mwens komen epi ki ka afekte kèk pasyan yo gen ladan yo se doulè, konjesyon nan nen, maltèt, konjonktivit, gòj fè mal, dyare, pèdi gou oswa sant oswa yon gratèl sou po oswa dekolorasyon nan dwèt oswa zòtèy yo. Sentòm sa yo anjeneral modere epi yo kòmanse piti piti.

Pifò moun (apeprè 80%) retabli san yo pa bezwen tretman lopital. Anviwon 1 nan chak 5 moun vin malad grav epi li devlope difikilte pou respire. Tigranmoun yo, ak moun ki gen pwoblèm medikal avan tankou tansyon wo, kè ak pwoblèm poumon, dyabèt, oswa kansè, nan pi gwo risk pou yo devlope maladi grav. Sepandan, nenpòt moun ka trape COVID-19 la epi yo vin malad grav. Nenpòt moun ki gen lafyèv ak / oswa tous ki asosye ak pwoblèm respirasyon / souf kout, doulè / presyon nan pwatrin, oswa pèdi lapawòl oswa mouvman ta dwe chèche jwenn swen medikal men m kote li santi sa. Li rekòmande pou rele founisè swen sante a oswa etablisman an avan, konsa pasyan prale kote ki fet pou sa tout dwat.

KISA POUM FE SIM SANTI  KEK SENTOM?

Si ou gen sentòm minè, tankou yon ti touse oswa yon ti lafyèv, jeneralman ou pa bezwen chèche swen medikal. Rete lakay ou, izole tèt ou epi kontwole sentòm ou yo. Swiv konsèy nasyonal sou izolasyon an.

Sepandan, si w ap viv nan yon zòn ki gen malarya oswa lafyèv deng li enpòtan pou ou pa inyore sentòm lafyèv. Chèche èd medikal. Lè w ale nan etablisman sante a mete yon mask si sa posib pou pwoteje w, kenbe omwen yon (1) mèt distans de lòt moun epi pa manyen pyes sifas. Si se yon timoun ki malad ede timoun nan swiv konsèy sa a.

Chèche swen medikal touswit si ou gen difikilte pou respire oswa doulè / presyon nan pwatrin lan. Si sa posib, rele founisè swen sante ou alavans, kidonk li ka dirije w nan bon sant sante.

KOMAN COVID-19 LA PWOPAJE?

Moun ka trape COVID-19 nan akòz lòt moun ki genyen l. Maladi a pwopaje sitou moun ak moun. Kidonk moun ka trape COVID-19 si yo respire ti gout ki soti lè yon moun ki enfekte ak viris la touse, estènye, oswa pale. Se poutèt sa li enpòtan pou rete omwen yon (1) mèt lwen lòt moun. Ti gout sa yo ka ateri sou objè ak sifas alantou moun lan tankou tab, manch pòt. Moun ka vin enfekte lè yo manyen objè sa yo oswa sifas yo, epi apre sa manyen je yo, nen yo oswa bouch yo. Se poutèt sa li enpòtan pou w lave men ou regilyèman avèk savon ak dlo oswa netwaye men ou avèk yon jèl ki gen alkòl.

ESKE YON MOUN KI PA GEN SENTOM KA BAY VIRIS LA?

COVID-19 la gaye sitou nan ti gout respiratwa ki soti nan yon moun ki ap touse oswa ki gen lòt sentòm tankou lafyèv oswa fatig. Anpil moun ki gen COVID-19 sèlman prezante sentòm mwayen. Sa rive patikilyèman nan premye etap yo nan maladi a. Li posib pou trape viris la akòz yon moun ki gen sèlman gen yon tous grav men ki pa santi li malad.

Gen kèk rechèch ki rapòte moun ki pa gen okenn sentòm ka transmèt viris la. Men yo poko konnen ki jan sa rive pi souvan.

KOMAN MWEN KA PWOTEJE TET MWEN AK LOT MOUN, SI M PA KONNEN KIYES KI GENYEN L?

Pratike tout tan ijyèn men ak respiratwa enpòtan epi se meyè fason pou pwoteje lòt moun ak tèt ou.

Lè sa posib kenbe omwen distans 1 mèt ak lòt moun. Sa enpòtan sitou si ou kanpe bò yon moun ki touse oswa estènye. Kom gen kèk moun ki enfekte yo pa prezante sentòm, oswa sentòm yo pa twò grav, kenbe yon distans fizik ak tout moun se yon bon lide si ou nan yon zòn kote COVID-19 ap sikile.

KISA MWEN TA DWE FE, SIM TE GEN KONTAK AK YON MOUN KI GENYEN VIRIS LA?

Si ou te nan kontak sere avèk yon moun ki gen COVID-19, ou ka enfekte.

Kontak sere vle di ke w ap viv avèk oswa te nan anviwònman ki gen mwens pase yon (1) mèt ak moun ki gen maladi a. Nan ka sa yo, li pi bon pou rete lakay ou.

Sepandan, si w ap viv nan yon zòn ki gen malarya oswa lafyèv deng, li enpòtan pou ou pa inyore sentòm lafyèv. Chèche èd medikal. Lè w ale nan etablisman sante a mete yon mask si sa posib, kenbe omwen yon (1) mèt byen lwen ak lòt moun epi pa manyen pyes sifas. Si se yon timoun ki malad ede timoun nan swiv konsèy sa a.

Si ou pa rete nan yon zòn ki gen malarya oswa lafyèv deng, tanpri fè bagay sa yo:
  1. Si ou vin malad, menm avèk sentòm trè modere ou dwe izole pwòp tèt ou.
  2. Menm si ou pa panse ou te ekspoze ak viris la, men ou devlope sentòm, ou dwe izole pwòp tèt ou epi kontwole sentòm yo.
  3. Ou gen plis chans enfekte lòt moun nan premye etap maladi a, kidonk izolasyon an trè enpòtan.
  4. Si ou pa gen sentòm, men ou te ekspoze a yon moun ki enfekte, mete pwòp tèt ou nan karantèn pou 14 jou.
  5. Si ou te definitivman gen COVID-19 la (konfime apre yon tès) ou dwe izole pwòp tèt ou pou 14 jou menm apre sentòm yo disparèt kòm yon mezi prekosyon, li poko klè sou konbyen tan moun yo rete enfekte aprè yo fin refè. Swiv konsèy nasyonal sou izolasyon tèt ou.


KISA IZOLMAN, KARANTENN AK DISTANS FIZIK YE?

Karantèn vle di mete restriksyon sou aktivite oswa separe moun ki pa malad yo men ki ka ekspoze ak COVID-19 la. Objektif la se anpeche gaye maladi a nan moman moun yo jis devlope sentòm.

Izòlman vle di separe moun ki santi yo malad epi ki gen sentòm COVID-19 la, epi ki gendwa enfekte pou anpeche maladi a gaye.

Distans fizik la se sa Oganizasyon mondyal lasante (WHO) rekòmande pou kenbe omwen 1-mèt distans de lòt moun. Sa a se yon mezi jeneral tout moun ta dwe pran menm si yo byen oswa menm si yo pa konnen si yo te gen kontak ak COVID-19 la.

KONBYEN TAN SA PRAN POU GEN SENTOM LEW FINN PRAN VIRIS LA?

Tan ki genyen depi ou ekspoze ak COVID-19 la rive nan moman lè sentòm yo kòmanse, se alantou senk a sis jou, men sa ka varye depi sou premye jou a (1) jouska katoz (14) jou.

KONBYEN TAN VIRIS LA KA RETE SOU SIFAS?

Bagay ki pi enpòtan pou konnen sou viris la le li sou sifas, se fason li fasil pou netwaye avèk dezenfektan nou konn itilize nan kay la. Etid yo montre viris COVID-19 la ka siviv pou jiska 72 èdtan sou plastik ak asye, mwens pase 4 èdtan sou kwiv ak mwens pase 24 èdtan sou bwat katon.

Kòm nou konnen, toujou netwaye men ou ak jèl ki gen alkòl oswa lave men ou avèk savon ak dlo. Evite manyen je ou, bouch ou, oswa nen ou.

KOMAN POU LAVE FWI AK LEGIM YO?

Fwi ak legim yo se eleman enpòtan nan yon rejim alimantè ki bon pou lasante. Lave yo menm jan ou ta dwe fè nan nenpòt sikonstans. Sèl bagay, toujou sonje anvan ou manyen yo, lave men ou avèk savon ak dlo. Aprè sa a, lave fwi ak legim byen ak dlo pwòp, espesyalman si ou ap manje yo kri.

ESKE ANTIBYOTIK KA FE NOU PA PRAN VIRIS LA?

Non. Antibyotik yo pa travay kont viris yo; yo travay sèlman sou enfeksyon bakteri yo. Se yon viris COVID-19 la ye, kidonk antibyotik pa ka anpeche ou pran li. Nan lopital, doktè yo pral itilize antibyotik pafwa pou anpeche oswa pou trete enfeksyon bakteri segondè ki kapab yon konplikasyon COVID-19 la nan pasyan ki grav yo. Se sèlman lè doktè ap trete yon enfeksyon bakteri, yo itilize antibyotik.

Kisa nou ta dwe fè kòm Ayisyen? Klike la


No comments:

Post a Comment

CHOOSE TO LIVE BETTER - QUOTES EVEXIA

Everyone is looking for peace of mind to have a joyfully life. Sometimes we just need a boost from some quotes to help us understand life in...