Wednesday, May 13, 2020

KOWONAVIRIS - Kisa nou tout dwe fè kòm Ayisyen?

Alo tout Ayisyen nan mond lan ki rive tonbe sou dokiman sa. Mwen salye nou nan lanmou peyi nou manman libète Ayiti.

Sak fè mwen ekri sou kowonaviris nan lang nou tout pale a, se yon fason pou enfòmasyon yo ka byen sikile pi fasil.

Mwen mande nou an gras lè nou finn li ak gade videyo ki fèt sou tèm nan, ekri fanmi nou, zanminou ak tout lòt kontak nou genyen pou fè yo jwenn li tou. Paske sa kap pase ak viris sa nan mond lan tèrib anpil; epi li touye anpil moun, li poko ka sou kontwòl pou anpeche li kontinye pwopaje ak touye moun plis chak jou.

Sa ki pi enpotan nan moman epi nou ka fè se *:


  1. Tande epi aplike tout sa otorite peyi nou di nan sa ki gen rapò ak efò pou nou rete lakay nou.
  2. Kenbe distans fizik ak lòt moun paske viris la fasil pou pwopaje.
  3. Lave men nou byen epi netwaye tout bagay nou manyen detanzantan, sitou telefòn nou.
  4. Pa manyen je nou, nen nou ak bouch nou avan nou lave men nou.
  5. Le nap touse oswa estènen fe sa nan koud bwa nou oswa nan yon mouchwa nou ka jete.
  6. Si ou nan sitiyasyon pou ou soti oswa rankontre ak moun, toujou mete kachnen pou kouvri bouch ak nen ou.

Mezanmi, nou konnen peyi nou pa devlope nan tout sans. Sa mande pou nou tout kole tèt ansanm, fè tout moun jwenn enfòmasyon sou li, pou nou goumen ak pandemi sa.

Avèk anpil lanmou, konpatriyòt ou Doktè Taïka.



*Source: cdc.gov

1 comment: